Accessibility links

Breaking News

2 Peyi Manm LOTAN di Dron Ris Vyole Espas Aeryen yo


KYIV, Ikrèn (AP) — 2 peyi manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik di ke dron Ris te vyole espas aeryen yo.

Yo rapòte youn te pran vòl nan Woumani pandan yon atak nan lannwit kay vwazen yo Ikrèn, pandan yon lòt te fè aksidan nan lès Letoni.

Ministè Defans Nasyonal Woumani an rapòte yon Dronn te antre nan teritwa Woumani byen bonè nan Dimanch pandan Moskou te frape "sib sivil ak enfrastrikti pòtye" atravè Rivyè Danube nan Ikrèn,

Pita nan jou sa a, otorite Letoni te di ke yon dron Ris tonbe Samdi toupre Rezekne, yon vil anviwon 55 kilomèt, oswa 34 mil, nan lwès fwontyè Ris la.

Pa te gen okenn rapò sou viktim oswa domaj dron sa yo te koze.

XS
SM
MD
LG