Accessibility links

Breaking News

LeBron James Dakò pou li Rete nan Lakers Pou 2 Zan Ankò


Lakers LeBron James (23) des Los Angeles célèbre son panier marqué contre les Phoenix Suns, USA, le 5 décembre 2023.
Lakers LeBron James (23) des Los Angeles célèbre son panier marqué contre les Phoenix Suns, USA, le 5 décembre 2023.

LeBron James fè konnen ofisyèlman: Li ap retounen pou jwe yon 22yèm sezon nan NBA.

Li dakò pou li resiyen yon kontra 2 zan ak ekip li Los Angeles Lakers, sa ki pral ba li opòtinite pou li jwe sou menm teren ak pitit li Bronny ki sot siyen pou jwe nan Lakers tou.

James te dakò pou siyen yon kontra 2 ane pou li rete nan Lakers, dapre sa yon moun ki konnen dosye negosyasyon an di Mèkredi.

Sou dezyèm ane kontra a se James k ap ka deside si li ap tounen yon ajan lib sou mache a ankò nan pwochen sezon eta a, dapre sous la ki te pale ak ajans nouvèl Associated Press sou kondisyon pou non li pa site paske akò a pako piblik.

XS
SM
MD
LG