Accessibility links

Breaking News

Bronny James Al Rejwenn Papa li LeBron James nan Lakers


Bronny James Cardiac Arrest Basketball
Bronny James Cardiac Arrest Basketball

Bronny James pral jwe nan menm klèb ak papa li nan ekip Los Angeles Lakers.

Pa janm gen yon papa ak pitit gason l ki te janm jwe nan menm ekip nan istwa NBA a.

Yon jwè ki gen yon wotè 1.88 m, LeBron James Jr (19 ane) ki se vrè non li, Lakers te chwazi li nan pozisyon 55yèm, prèske nan fen 2ème Draft la ki te gen selman 58 jwè pou ekip yo chwazi.

Jwè ke yo chwazi nan dezyèm tou pa benefisye yon kontra ki garanti, jan sa fèt nan premye draft la.

Plizyè obsèvatè ap poze kesyon sou kapasite Bronny James, yap mande si li anfòm pou li vin jwe nan NBA, pwiske jwè a pa wo ase epi li te nan yon sezon nan inivèsite kote li soti a ki pa te gen anpil siksè.

Avèk USC (University of Southern California), Bronny James te fè sèlman 4.8 pwen kòm mwayèn pou sezon an.

XS
SM
MD
LG