Accessibility links

Breaking News

Netanyahu di ke li pap Dakò ak yon Akò pou Mete Fen nan Lagè Gaza a


Israel Palestinians
Israel Palestinians

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Gen gwo dout ke yon pwopozisyon ke Etazini sipòte pou mete fen nan lagè Izrayèl ap mennen nan Gaza depi 8 mwa a ap ka kenbe.

Dout sa yo vini apre Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu te di ke li ta sèlman dispoze kanpe batay yo nan Gaza pou yon ti bout tan” men ke li pap asepte yon akò pou mete fen nèt nan lagè a.

Li pale konsa dimanch nan yon entèvyou ak yon chèn televizyon Izraelyen ki sipòte li. Deklarasyon sa pwovoke protestasyon bò kote fanmi otaj ki rete anba men Hamas yo.

Pawòl Netanyahu yo pa vrèman diferan ak sa li te di deja sou kondisyon ke li poze pou jwenn yon akò.

Men deklarasyon sa yo vini nan yon moman difisil kote yo ka lakoz yon gwo bak pou medyatè yo k ap chache mete fen nan lagè a.

XS
SM
MD
LG