Accessibility links

Breaking News

Dapre Lidè Politik Ekstrèm Dwat Fransè a : "Rekonèt yon Eta Palestinyen jounen jodi a" Se menm bagay ak "Asepte Teworis"

Jordan Bardella, president of the far-right National Rally (RN) party, attends a press conference to present policy priorities as part of the campaign for the upcoming French parliamentary elections, in Paris, June 24, 2024.

Lidè ekstrèm dwat fransè a, Jordan Bardella, ki kounye pa anfavè pou rekonèt yon eta palestinyen, li kwè ke rekonèt yon eta Palestinyen vle di "rekonèt teworis" apre atak sanglan ke gwoup militan Hamas yo te fè sou Izrayèl nan dat 7 Oktòb la, ki te pwovoke yon repons kote lame Izraelyen an ap fè anpil san koule nan Gaza.

Nan yon konferans pou laprès, Bardella deklare desizyon sa "Se ta rekonèt lejitimite politik pou yon òganizasyon ki gen objektif depi nan fondasyon li pou detwi Izrayèl".

Li kontinye pou l di "Mwen pa di ke sa pa ta dwe fèt nan lavni, men rekonèt yon eta Palestinyen nan moman kounye a seta kòmsi nou rekonèt teworis".

XS
SM
MD
LG