Accessibility links

Breaking News

Fòs Polis Kenyan an ap Pran Avyon pou al Ayiti 25 Jen Dapre sa yon Sous di AFP


Foto Achiv: Polisye Kenyan rasanble pandan yap veye manifestan kap pwoteste kont ogmantasyon nan lajan enpo sitwayen yo pral oblije peye nan Nairobi, 18 Jyen 2024.
Foto Achiv: Polisye Kenyan rasanble pandan yap veye manifestan kap pwoteste kont ogmantasyon nan lajan enpo sitwayen yo pral oblije peye nan Nairobi, 18 Jyen 2024.

Yon fòs polis Kenyan pral pran avyon pou al Ayiti 25 Jen pou dirije yon misyon LONU apiye ki gen kòm misyon pou jere zak vyolans gang yo.

Misyon an ap pati malgre defi ki poze devan l nan tribinal Kenya, dapre sa sous gouvènman ak lapolis di AFP.

Kenya ofri pou l voye apepre 1,000 polisye an Ayiti pou stabilize peyi a, ansanm ak polisye ki soti nan plizyè lòt peyi. Sepandan deplwaman an te fè fas ak defi legal nan peyi Afrik de l ès la.

Prezidan William Ruto apiye misyon an ak antouzyasm e li di mwa sa a ke deplwaman an pral fèt nan kèk semèn konsa.

Yon responsab ministè enteryè Kenya deklare "Depa a fikse pou Madi semèn sa a." Li pale ak AFP sou kondisyon pou yo pa site non l.

Responsab la di preparasyon an fèt pou ekip la pran direksyon Ayiti Madi. Nou deja gen 2 ekip preliminè ki kite Kenya. Youn kite semèn pase a epi lòt la kite yè (Dimanch la),"

Yon rezolisyon Konsèy Sekirite LONU apwouve nan mwad Oktòb 2023 te apwouve misyon an men yon tribinal peyi Kenya te ranvwaye deplwaman an nan mwad Janvye a.

Gouvènman an te sekirize akò sa a 1 Mas, men yon ti pati opozisyon nan Kenya asiyen gouvènman an ankò pou eseye bloke deplwaman an.

Apa Kenya, lòt peyi ki eksprime volonte pou yo rejwenn misyon an se: Benen, Bahamas, Bangladesh, Barbad ak Tchad.

Lèzetazini dispoze finansman ak sipò lojistik men militè Ameriken pap patisipe nan misyon an.

Oganizasyon dwa moun Human Rights Watch soulve kè sote li pa rapò ak misyon an epi dout sou finansman li.

Oganizasyon dwa moun yo akize lapolis Kenya dèske yo anplwaye fòs eksesiv kont moun epi yo konn touye moun yon fason ki vyole lwa peyi a.

Vandredi yon oganizasyon ki veye aktivite lapolis te di lap mennen ankèt sou akizasyon kòm kwa lapolis Nairobi te touye yon jenòm 29 an apre manifestasyon jenès la te oganize pou pwoteste kont ogmantasyon enpo.

Ayiti bò kote pa li ap fè fas ak zak vyolans gang ki ogmante 17 wotè depi mwad Fevriye a lè gang yo te lanse atak kowòdone nan Pòtoprens epi di yap chache ranvèse premye minis Ariel Henry sou pouvwa a.

Henry te anonse bone nan mwad Mas la ke li tapral demisyonnen pi remèt pouvwa egzekitif la bay yon konsèy tranzisyon. Konsèy la nomen Garry Conille kòm premye minis pwovizwa 29 Me.

Zak vyolans gang yo nan Pòtoprens afekte sekirite alimantè a, livrezon asistans imanitè epi gang yo ap komèt yon pakèt abi kont popilasyon an pami yo asasina, vyòl, piyaj ak kidnaping.

XS
SM
MD
LG