Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Polisye Ayisyen ap Vizite Kenya Anvan Deplwaman Fòs Miltinasyonal la


Foto Achiv: Polisye Kenyan fe patwouy nan lari Nairobi, Kenya, 12 Mas, 2024.
Foto Achiv: Polisye Kenyan fe patwouy nan lari Nairobi, Kenya, 12 Mas, 2024.

Yon gwoup kòmandan lapolis Ayisyen rankontre enspektè jeneral lapolis Kenya a Madi pou diskite sou deplwaman yon fòs polis ki pral ede Ayiti jere ensekirite a. Misyon miltinasyonal la sipoze rive Ayiti nan fen mwad Jyen an.

Se Kenya ki pral dirije fos miltinasyonal la, ke Nasyonzini apiye e kap gen ladann polisye ki soti nan divès peyi. Yon rapò LONU pibliye resaman fè konnen gen plizyè milye moun ki mouri anba zak vyolans gang yo epi plis pase 360,000 oblije kouri kite kay yo.

Responsab polisye Ayisyen Joachim Prophete deklare: "Nap konte sou sipò w," apre yon rankont nan Nairobi ak Japhet Koome, enspektè lapolis Kenya.

Koome reponn: "Nou pare e nou pran angajman pou al Ayiti pou ede kèlkeswa fason ki nesesè."

Polisye Ayisyen yo rankontre tou komandan fòs 1,000 polisye Kenyan ki pral fè pati misyon miltinasyonal la.

Kenya pral akeyi polisye Ayisyen tou pou fòmasyon, epi delegasyon an te vizite baz kote yap fè repetisyon, dapre sa lapolis Kenya di laprès.

Prezidan William Ruto te deklare semèn pase a ke Kenya pral respekte angajman li te pran pou retabli lapè an Ayiti. Prezidan Etazini, Joe Biden, te eksprime apresyasyon Etazini pou angajman Kenya a, pandan yon vizit d eta Ruto te fè nan Washington nan mwad Me a.

Deplwaman an te sipoze fèt nan mwad Me a, men yo te ranvwaye l pou pèmèt Ayiti finn konstwi baz kote polisye Kenyan yo pral lanse operasyon epi mete ekipman kle tankou machin pa egzanp.

Ayiti ap fè fas ak lamizè, enstabilite politik epi dezas natirèl depi plizyè dizèn lane. Koze entèvansyon entènasyonal la konplike. Yon fòs stabilizasyon LONU te apwouve pou Ayiti ki te tanmen nan mwad Jyen 2004, te soulve anpil kritik akoz akizasyon abi seksyèl ak yon epidemi kolera ki te lakoz yon afè 10,000 moun te mouri. Misyon an te pran fen nan mwad Oktòb 2017.

XS
SM
MD
LG