Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Maduro Pran Angajman pou li Respekte Rezilta Eleksyon Prezidansyèl ki pwal Fèt la


FILE PHOTO: May Day celebrations in Caracas
FILE PHOTO: May Day celebrations in Caracas

Prezidan Venezyela a, Nicolas Maduro, ki kandida pou yon twazyèm manda nan eleksyon 28 jiyè a, pran angajman sou papye ak kandida ti pati politik yo, pou li respekte rezilta biwo vòt yo, pandan arestasyon opozan politik li yo ap kontinye.

Chèf Konsèy Elektoral Nasyonal la (KEN), Elvis Amoroso, yon pwòch pouvwa a, li dokiman an ki angaje "dezi san rezèv pou rekonèt kelkeswa rezilta ke KEN nan bay" e pou li mennen kanpay nan yon klima respè, lapè ak patisipasyon demokratik.

8 sou 10 kandida yo siyen dokiman sila, e prensipal kowalisyon opozisyon an deziyen pifò nan yo pa kòm "kolaboratè" Maduro, ki la pou febli vòt opozisyon an.

Maduro di apre li fin siyen dokiman an "Kèlkeswa sa abit eleksyon an di, nou reponn amèn". "Pa dwe gen plis sabotaj kont peyi nou an, pa dwe gen plis konplo. Venezyela vle trankilite."

Kandida Platfòm Inite a, kowalisyon opozisyon an ki gen kòm lidè Maria Corina Machado, ki parèt kòmkwa li ap mennen nan sondaj opinyon yo, ebyen KNE a te deklare ke li pa kalifye, e konsa Inite pa siyen dokiman an ke KNE a te "enpoze” a.

Edmundo Gonzalez di nan yon nòt pou laprès ke gouvènman an ak opozisyon an te siyen yon akò pou yo rekonèt rezilta eleksyon yo, e sa te fèt nan mwa Oktòb la nan Barbad, kote peyi Nòvèj te la kòm medyatè.

Madam Machado denonse lendi a arestasyon abitrè 37 aktivis politik anvan eleksyon prezidansyèl la, 10 ladan yo se manm komite kanpay li.

XS
SM
MD
LG