Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Maduro Mande Ekwatè pou Voye Jorge Glas Tounen Meksik


Le Venezuela exige de l'Equateur qu'il renvoie Jorge Glas au Mexique (Maduro)
Le Venezuela exige de l'Equateur qu'il renvoie Jorge Glas au Mexique (Maduro)

Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro di "Venezuela pral mande pou gouvènman Ekwatoryen voye ansyen vis-prezidan Jorge Glas retounen Meksik".

Ofisye lapolis Ekwatoryen te antre nan anbasad Meksiken an nan Kito nan dat 5 avril pase e arete Jorge Glas, ki te al pran refij nan anbasad sila.

Meksik prezante yon plent kont Ekwatè devan Lajistis Entènasyonal la (ICJ) , apre atak lapolis kont anbasad li nan Kito ki te lakòz relasyon diplomatik ant 2 peyi yo kraze ak e sa kreye yon kriz diplomatik entènasyonal.

Nan plent li a, Meksik mande pou yo sispann Ekwatè nan Nasyon Zini "jouk li prezante yon ekskiz piblik, e ke li rekonèt vyolasyon prensip fondamantal yo ak nòm lwa entènasyonal yo", se sa Alicia Barcena ki se Minis Afè Etranjè Meksiken an te deklare pandan yon konferans pou laprès.

Li te ajoute ke objektif la se "garanti reparasyon pou domaj moral yo enflije sou Eta Meksiken an ak sitwayen li yo."

Lapolis te antre nan anbasad Meksiken an nan Kito 5 avril pou arete yon ansyen vis-prezidan Ekwatè ki te akize de koripsyon.

Klonfli Diplomatik ant Meksik Ak Ekwatè
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:57 0:00

Meksik imedyatman te anonseke relasyon diplomatik ak Ekwatè kraze e imedyatman te deklare entansyon li pou revandike devan ICJ nati inviolab reprezantasyon diplomatik yo, ki te etabli pa Konvansyon Vyèn nan 1961.

Mexico President
Mexico President

Prezidan Meksiken an, Andrés Manuel Lopez Obrador, te di nan menm konferans pou laprès la ke objektif la se pou anpeche yon zak menm jan an "pa repete" lòt kote nan mond lan.

FILE PHOTO: Ecuador's President, Daniel Noboa, delivers equipment to the National Police
FILE PHOTO: Ecuador's President, Daniel Noboa, delivers equipment to the National Police

Bò kote pa l, Prezidan Ekwatoryen Daniel Noboa te defann atak li te fè nan anbasad la kòm nesesè pou arete Misye Glas paske li te prezante yon "risk iminan pou li chape kite peyi a", li di li pare pou "rezoud nenpòt diskisyon" ak Meksik.

XS
SM
MD
LG