Accessibility links

Breaking News

Etazini Eksprime "Kè Sote" li Akoz "Relasyon " Larisi ak Kore di Nò k ap Vin Pi Soude


Lèzetazini deklare lendi 17 jen an ke li "enkyete" pou jan li wè relasyon Larisi ak Kore di Nò ap vinn pi djanm, pandan prezidan ris Vladimir Putin prale kay vwazen li madi ak mèkredi pou l siyen "dokiman enpòtan".

Nan yon konferans pou laprès, pòtpawòl Konsèy Sekirite Nasyonal Mezon Blanch lan John Kirby" di relasyon 2 peyi sa yo ki ap apwofondi konsène nou, pa sèlman akòz enpak li pral genyen sou pèp Ikrenyen an, men tou paske nou konnen ke misil balistik Kore di Nò yo toujou itilize pou frape sib Ikrenyen." Li ajoute: "Epitou paske ta ka gen kèk resiprosite ki ka afekte sekirite Prèskil Koreyèn nan.”

XS
SM
MD
LG