Accessibility links

Breaking News

Larisi ak Kore di Nò Pral Siyen 'Dokiman Enpòtan' Pandan Vizit Putin Nan


Kore di Nò ak Larisi yo pral siyen "dokiman enpòtan" nan okazyon vizit Vladimir Putin nan Kore di Nò Madi ak Mèkredi, semèn sa, dapre sa Kremlin an te di medya Ris yo Lendi 17 jen an.

Nan kad dokiman sa yo ki gen pou siyen yo menm mansyone posibilite pou siyen yon akò "patenarya estratejik" ant 2 peyi yo.

Prezidan Ris la pral rive madi swa nan Pyongyang, men tout pwogram ofisyèl la te planifye pou Mèkredi, dapre konseye diplomatik prezidan Ris la, Yuri Ushakov.

Li te deklare ke "Dokiman enpòtan, trè enpòtan" yo pral siyen. Li mansyone tou "konklizyon pou yon posib akò patenarya mondyal estratejik".

"Trete sa a, si li siyen, pral natirèlman kondisyone pa evolisyon an pwofonde nan sitiyasyon jeopolitik nan mond lan ak nan rejyon an " deklarasyon sa yo se dapre sa ajans laprès Ris yo rapòte.

Yo kontinye pou di ke "Pati yo toujou ap travay sou dokiman yo epi yo pral pran yon desizyon final pou siyen l 'nan èdtan kap vini yo".

Daprè menm sous sa a, Misye Putin ak lidè Kore di Nò Kim Jong Un pral fè "deklarasyon bay laprès" pandan vizit la .

Misye Putin pral akonpaye an patikilye ak chèf diplomasi li a, Sergei Lavrov, ak Minis defans li a, Andreï Beloussov.

Delegasyon an ap gen ladan tou 2 depite, premye minis ak chèf ajans espasyal Ris Roscosmos.

2 peyi yo, anba sanksyon entènasyonal yo, te ranfòse konsiderableman lyen yo depi apre Ris yo te lanse atak kay vwazyen yo Ikrèn nan mwa fevriye 2022.

Vwayaj sa rive 9 mwa apre Misye Putin te akeyi lidè Kore di Nò a nan Ekstrèm Oryan Ris la, pandan vizit sa 2 mesye yo te fè lwanj youn lòt san yo pa konkli, ofisyèlman oubyen siyen yon patenarya.

Dapre Loksidan, Pyongyang te bay Larisi "stock" minisyon li yo an mas, semèn pase a Pentagòn te akize Moskou dèske li ap itilize misil balistik Kore di Nò nan Ikrèn.

An echanj, Washington ak Seoul di, Larisi te bay Kore di Nò ekspètiz pou pwogram satelit li a epi li te voye èd pou fè fas ak mank manje nan peyi a.

XS
SM
MD
LG