Accessibility links

Breaking News

Chirijyen Jeneral Etazini Mande pou yo Mete Etiket pou Aveti Itilizate Rezo Sosyal yo de Danje li ka Poze


Foto Achiv: Avetisman Chirijyen Jeneral la sou yon pake sigaret Camel 30 Jyen 2012.
Foto Achiv: Avetisman Chirijyen Jeneral la sou yon pake sigaret Camel 30 Jyen 2012.

Chirujyen Jeneral Etazini an mande Kongrè a egzije pou yo mete etikèt ki avèti itilizatè rezo sosyal yo - ki tankou sa yo oblije mete sou bwat sigarèt yo.

Nan yon editoryal li ekri ke jounal New York Times pibliye Lendi, Doktè Vivek Murthy di rezo sosyal yo ap kontribye ak kriz sante mantal kap trakase jèn jan yo.

Murthy di si yo sèvi ak yon etikèt ki avèti itilizatè yo sa pap rann rezo yo pi su pou jèn jan yo men omwens se youn nan etap ki nesesè pou amelyore sityasyon an.

XS
SM
MD
LG