Accessibility links

Breaking News

Putin Pral Fè Yon Vizit 2 Jou Kore di Nò

(FILES) In this pool photo distributed by Sputnik agency, Russia's President Vladimir Putin (centre L) and North Korea's leader Kim Jong Un (centre R) visit the Vostochny Cosmodrome in Amur region on September 13, 2023.

Nan yon kominike li pibliye Lendi, Kremlin an anonse ke prezidan Ris Vladimir Putin pral fè yon vizit 2 jou nan Kore di Nò.

Vizit Putin nan Kore di Nò ap kòmanse Madi 18 jen e li ap pran fen Mèkredi 19 jen an.

Putin pral vizite youn nan peyi ki pi izole nan mond lan, e loksidan akize Kore di Nò dèske li te bay Moskou zam ak minisyon pou operasyon militè li ap mennen Ikrèn.

Dapre sa Kremlin an te di nan yon deklarasyon an, Prezidan Ris la gen pou l vizite Vyetnam tou nan dat 19 ak 20 jen.

E te kontinye pou di ke se "Sou envitasyon Kim Jong-un (...), Vladimir Putin pral fè yon vizit leta nan Repiblik Demokratik Popilè Kore di No a nan dat 18 ak 19 jen 2024."

XS
SM
MD
LG