Accessibility links

Breaking News

Gang Ame yo Ogmante Atak yo nan Pòtoprens, Fòse Plis Moun Kite Kay yo


Gang ame yo atake plizyè katye nan Pòtoprens kote yo boule kay epi twoke kout zam ak polis nasyonal la pandan plizyè hè d tan Jedi nan sa ki reprezante youn pami pi gwo atak ki dewoule depi yo anonse nouvo premye minis la.

Atak yo dewoule Mèkredi oswa nan Solino ak Delmas 18, 20 ak 24 o sidwès ayeropò entènasyonal la. Ayeropò a toujou fèmen akoz zak vyolans gang yo.

Benoit Desire deklare: "Yo tap tire anpil ak gwo zam lou donk se yon sityasyon tèt chaje ke nap viv depi yè swa nan Delmas. Yo mete dife nan kay san gade dèyè."

Eddy Bernadotte oblije kite kay li tou:

"Nou pase yon nuit trè difisil yèoswa kote te gen anpil tire pandan tout nuit la, men Bondye toujou reye."

Celimaine Heixil, 29 an, kuit manje andedan yon prela pandan li kenbe pitit fi li kote yo pran refij nan lekol Darius Denis, 5 Me, 2024.
Celimaine Heixil, 29 an, kuit manje andedan yon prela pandan li kenbe pitit fi li kote yo pran refij nan lekol Darius Denis, 5 Me, 2024.

Se chèf gang G9 Alye ak Fanmi an, Jimmy Cherizier, yon ansyen polisye ke moun konnen kom Barbecue ki kontwole zòn kote atak la te dewoule a.

Lapolis blame misye ak lòt chèf gang yo pou atak kowòdone ki te tanmen 29 Fevriye toupatou nan kapital la, Pòtoprens.

Michelove Pierre deside al viv Okap.

"Fòk mwen di mwen se yon viktim sityasyon an e sa mete m nan yon pozisyon kote map kouri fou paske m oblije viv nan lari epi fè bagay - mwen siviv gras a Jezi. Se sèl rezon mwen la toujou, ke m vivan toujou. Mwen kite kay mwen ak kè kase, trisès doulè enfini."

Moun ki oblije kite kay yo akoz zak vyolans gang yo pran refij nan lekol Darius Denis nan Potoprens, Ayiti, 5 Me, 2024.
Moun ki oblije kite kay yo akoz zak vyolans gang yo pran refij nan lekol Darius Denis nan Potoprens, Ayiti, 5 Me, 2024.

Nan Pòtoprens, Paran te kenbe men pitit yo byen fò epi pran kouri nan direksyon kèk pami abri ki deja sichaje ak moun.

Gen lòt ki kite kapital la pou al chache refij nan lòt fil kote yo gen fanmi ak zanmi.

Kounyea ke nouvo lidè pran tèt peyi a, Ayisyen ap mande yo priyorize sekirite nan moman gang yo ap vale teren epi vinn pi puisan ak pi byen ame pase PNH la.

Ensekirite a non sèlman lakoz plizyè milye moun oblije kite kay yo men sou li deklanche yon ensekirite alimantè katastwofik.

XS
SM
MD
LG