Accessibility links

Breaking News

RSF: Gouvènman yo Pa Fè Ase pou Pwoteje Libète Laprès


Foto Achiv: Jounalis Ayisyen Johnson Cesar senyen akoz yon blesi li pran nan tet apre yon bonm gaz lakrimojen frape li pandan yon manifestasyon manm sendika lapolis nan Potoprens, 7 Jyen 2020.
Foto Achiv: Jounalis Ayisyen Johnson Cesar senyen akoz yon blesi li pran nan tet apre yon bonm gaz lakrimojen frape li pandan yon manifestasyon manm sendika lapolis nan Potoprens, 7 Jyen 2020.

Menas gouvènman ak palmantè poze pou jounalis kap travay toupatou nan mond lan bay gwo kè sote, dapre yon rapò Repòtè San Fwontyè pibliye Vandredi.

De plizanpli gouvènman yo ak otorite politik yo echwe nan travay pou apiye epi respekte libète laprès, oganizasyon ki veye sityasyon laprès la deklare nan Endèks li pibliye chak ane sou sityasyon Près Mondyal la.

Done li pibliye yo gade de pre faktè politik, legal ak ekonomik ki afekte laprès ansanm ak ensekirite ki egziste nan 180 peyi ak teritwa kote jounalis ap egzèse metye yo.

Sektè politik la konstate pi gwo deteryorasyon nan libète laprès la atravè tout rejyon yo dapre RSF.

Clayton Weimers, direktè biwo RSF Ozetazini di VOA: "Aktè politik vin pi odasye nan tantativ yo pou denigre jounalis yo, avili laprès, atake jounalis epi chache sèvi ak pouvwa gouvènman an kom zam kont medya ki kritike yo."

RSF: Gouvènman yo Pa Fè Ase pou Pwoteje Libète Laprès
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:28 0:00

Tandans sa a bay gwo kè sote yon ane kote plizyè douzèn peyi pare pou oganize eleksyon nasyonal an 2024. Eleksyon konn souvan pote avèk yo vyolans kont jounalis, epi zak represyon kont laprès.

Ajantinn konstate youn pami pi gwo bès nan libète laprès pase tout lòt peyi nan mond lan ane pase a, Weimers fè konnen. Li soti nan 40èm plas pou l degringole nan 66èm plas sou endis la.

Youn nan rezon pou bès sa a se eleksyon Prezidan Javier Milei "ki ouvètman ostil vizavi laprès, ki diminye finansman pou medya piblik yo an Ajantin e ki nan tèt lis moun kap chache avili laprès," Weimers deklare.

Aksyon Milei lanse kont laprès souliyen yon fenomèn pi laj kote fòs politik yo diminye wòl yo nan pwoteksyon laprès dapre RSF.

Anbasad Ajantin nan Washington pat reponn demann VOA te fè pou komantè.

Se Norvèj ki rete kòm peyi nan mond lan ki gen plis libète laprès. Lòt peyi ki pran bon nòt se: Danmark, La Suèd, Peyi Ba ak Fenland.

Nan ke kamyonèt lan nou jwenn Iran, Kore di Nò, Afghanistan, La Siri epi Eritre.

Foto Achiv: Jounalis Ayisyen patisipe nan yon manifestasyon kont zak britalite lapolis kont jounalis yo nan Potoprens, Ayiti, 28 Janvye, 2021.
Foto Achiv: Jounalis Ayisyen patisipe nan yon manifestasyon kont zak britalite lapolis kont jounalis yo nan Potoprens, Ayiti, 28 Janvye, 2021.

Lèzetazini desann nan nimewo 55 sou lis la akoz pakèt jounalis ki te jwenn arestasyon yo ane pase a apre yon desant delye lapolis kont yon jounal nan eta Kansas.

Prezidan Klib Nasyonal Laprès la nan Washington, Emily Wilkins deklare sa bay gwo kè sote pou wè libète laprès menase Ozetazini. Li blame an pati retorik politisyen yo.

"Politisyen yo ap pran pozisyon anti-jounalis, yo deklare laprès se enmi pèp la," Wilkins di VOA. "Chak fwa yo vilifye jounalis yo ak medya an jeneral se yon atak kont demokrasi e sa se yon bagay ki febli tout peyi a."

Jounalis VOA Liam Scott ekri vesyon orijinal teks sa a an Angle

XS
SM
MD
LG