Accessibility links

Breaking News

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti Nomen Edgard Leblanc Fils kòm Prezidan li, Fritz Belizaire PM


Edgard Leblanc Fils pale ak kek moun apre Konsey Prezidansyel Tranzisyon an nomen li prezidan nan Potoprens, Ayiti, Madi 30 Avril 2024.
Edgard Leblanc Fils pale ak kek moun apre Konsey Prezidansyel Tranzisyon an nomen li prezidan nan Potoprens, Ayiti, Madi 30 Avril 2024.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a eli Madi Fritz Belizaire, yon ansyen minis spò ak jenès kòm nouvo premye minis Ayiti.

Konsèy la, ki pran tèt peyi d Ayiti nan yon sityasyon kawotik, chwazi Belizaire pandan yon seremoni ki te dewoule nan kapital la, Pòtoprens, apre demisyon Premye Minis Ariel Henry.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti Nomen Edgard Leblanc Fils kòm Prezidan li, Fritz Belizaire PM
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:56 0:00

Se Michel Patrick Boisvert, minis finans la, ki te premye minis enterime pandan absans Henry.

Se 7 manm konsèy la ki gen dwa vote ki fè chwa a. Konsèy la te enstale ofisyèlman semèn pase a nan objektif pou retabli sekirite nan peyi a, epi òganize eleksyon prezidansyel.

Konsèy la chwazi Leblanc Fils kòm prezidan li. Misye pral jwe wòl kowòdonatè konsèy la.

Kek enfòmasyon pou repòtaj sa a soti nan AP ak AFP.

XS
SM
MD
LG