Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Okap ap Revann Gaz nan Lari pou Konbat Lavi Chè ak Mizè


HAITI-POLITICS/
HAITI-POLITICS/

Anpil sitwayen ayisyen antre nan aktivite re-vann gaz kòm mwayen pou yo viv nan yon moman kote fanmi yo ap konbat mizè.

Nan Cap-Haitien, 2èm vil peyi a, estasyon gaz yo mete restriksyon sou lè fonksyonman yo, daprè ajans nouvèl Reuters ki rapòte mank gaz nan kèk pati nan peyi a.

Revandè gaz yo al vann li nan lari nan lokalite kote moun pa jwenn li.

Sean James te konn vann akseswa pou telefòn mobil men li te tou profite mank gaz nan peyi a pou li lage kò li nan komès revann gazolin.

Ayiti ap viv yon ogmantasyon vyolans gang depi mwa Fevriye. Gang yo ki gen kontròl preske tout Pòtoprens koupe wout sou lanmè ak anlè apre yo te fin fè alyans depi mwa Mas pase.

Plis pase 2,500 moun mouri oswa blese nan peròd ant Mwa Janvye ak Mas, ki se 53% anplis, konpare ak twa dènye mwa 2023 yo, dapre dènye chif ki soti nan Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH).

Sitiyasyon sekirite a deplase dè milye moun, sa ki mennen nan yon katastwòf grangou.

XS
SM
MD
LG