Accessibility links

Breaking News

Plizyè Sitwayen Ayisyen di Sekirite se Priyorite pou yo apre Enstalasyon Konsèy Prezidansyèl la


HAITI-POLITICS/
HAITI-POLITICS/

Ayisyen nan 2yèm vil Ayiti, Okap, di sekirite nan peyi a se priyorite pou yo apre enstalasyon konsèy tranzisyon an ki fèt jedi 25 Avril la.

Konsèy Prezidansyèl la gen pou misyon mete estabilite nan peyi a ki ravaje ak vyolans gang, ki lage li nan yon dezòd total ak mizè.

Gen anpil moun nan peyi a ki bay opinion yo pou di ke konsèy la pa reprezante yo e ke yo gen dout sou li, tankou Merilus Mytir ki di li pa rekonèt otorite konsèy la e ke li ta eseye bay sipò li pou ansyen polisye ayisyen Guy Phillippe pou pran tèt peyi a.

Philippe, ki te ede mennen yon koudeta ann Ayiti an 2004 epi ki te retounen nan zile Karayib la ane pase apre li te fin pase yon santans prizon nan Etazini, te deja di li vle vin prezidan peyi a.

Premye Minis ayisyen Ariel Henry anonse demisyon li nan yon lèt ki gen dat Mèkredi 24 Avril e ki sikile sou rezo sosyal yo Jedi.

Minis finans Henry a, Michel Patrick Boisvert kenbe pòs premye minis pwovizwa, dapre jounal ofisyèl nasyon an.

Vyolans gang, ki se yon pwoblèm ann Ayiti depi plizyè ane, te ogmante nan kòmansman ane sa a.

Plis pase 2.500 moun mouri oswa blese depi Janvye jiska Mas, ki se yon ogmantasyon 53% konpare ak 3 dènye mwa 2023 yo, dapre dènye chif ki soti nan Biwo Entegre Nasyonzini ann Ayiti (BINUH).

Sitiyasyon sekirite a lakoz dè milye moun kouri kite kay yo pandan lòt ap soufri grangou.

XS
SM
MD
LG