Accessibility links

Breaking News

Patrick Boisvert, Pral Asire Tranzisyon an Kòm Premye Minis Pwovizwa


Nouvo Premye Minis enterime Ayiti, Michel Patrick Boisvert, pran la pawol pandan seremoni enstalasyon Konsey Prezidansyel Tranzisyon an, nan Potoprens, 25 Avril, 2024.
Nouvo Premye Minis enterime Ayiti, Michel Patrick Boisvert, pran la pawol pandan seremoni enstalasyon Konsey Prezidansyel Tranzisyon an, nan Potoprens, 25 Avril, 2024.

Premye Minis ayisyen Ariel Henry remèt demisyon li ofisyèlman. Mèkredi 24 Avril la, yon jou avan enstalasyon konsèy prezidansyèl tranzisyon an ki gen pou misyon retabli sekirite nan peyi a e nome yon premye minis pou òganize eleksyon nan peyi karayib la.

Dapre jounal ofisyèl peyi a se Minis finans gouvènman Henry a, Patrick Boisver, ki pral asire tranzisyon an kòm premye minis pwovizwa jiskaske gen yon lot premye minis moute nan pòs la.

Nan yon lèt ki gen dat Mèkredi 24 Avril, men ki te parèt sou rezo sosyal yo Jedi, ansyen Premye Minis Henry di ke administrasyon li a te "sèvi nasyon an nan moman difisil."

Jedi maten, polisye yo te veye katye Villa d'accueil, ki se kay ofisyèl premye minis la, kote pwal gen seremoni pou konsèy tranzisyon an prete sèman.

Gouvènman ayisyen ki pwale a te tanmen ofisyèlman, sa gen 2 semenn, yon pwosesis tranzisyon, yon mwa apre Henry te anonse ke li ap remèt demisyon li pandan l te bloke andeyò peyi a, e nan moman yon pakèt gang chaje ak zam te fè alyans e menase pou yo pran kontwòl tout kapital la.

XS
SM
MD
LG