Accessibility links

Breaking News

Ayiti: PNH la Ranfòse Sekirite Alantou Palè a


HAITI-VIOLENCE/
HAITI-VIOLENCE/

Lapolis ayisyen voye gaz lakrimojèn pou fè moun kite zonn sekirite Palè Nasyonal la pandan ke repòtè ajans nouvèl Reuters te wè prezans sòlda fòs lame dayiti ki ap fè patwouy ak zam yo nan antre diplomatik ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a ki fèmen depi kèk tan.

Gen tout mezi sekirite sa yo nan moman kote, dapre Jounalis VOA Kreyòl nan pòtoprens, pwal gen enstalasyon konsèy tranzisyon 9 manm nan Jedi 25 Avril nan Villa d’Acceuil.

Nan jou ki sot pase yo nèg ame te fè zam chante nan alantou Palè a, sa ki te vin paralize aktivite nan zonn nan.

Konsèy sila gen pou li nonmen yon premye minis pwovizwa epi ede mete kanpe yon gouvènman ki pwal gen pou òganize eleksyon nan peyi a.

Lame Ameriken te fè konnen madi a ke li ranfòse sekirite nan anbasad li nan Pòtoprens.

Premye Minis demisyonè Ariel Henry fè plis pase yon ane kote li ap mande prezans twoup entènasyonal yo pou vin ede fòs polis la konbat gang yo.

Men plan an te fè yon kanpe apre PM Henry te anonse ke li ap remèt demisyon apre konsèy prezidansyèl pwovizwa a fin chwazi yon nouvo premye minis ak yon nouvo gouvènman.

Depi lè sa a, atak yo te ogmante e tranzisyon an te retade.

XS
SM
MD
LG