Accessibility links

Breaking News

Yon Fotograf Lanse Akizasyon pou di Rapez Megan Thee Stallion Te Fòse l Gade l ap Fè Sèks


Foto Achiv: Chantez Megan Thee Stallion nan seremoni remiz pri Billboard yo nan Las Vegas, 15 Me, 2022.
Foto Achiv: Chantez Megan Thee Stallion nan seremoni remiz pri Billboard yo nan Las Vegas, 15 Me, 2022.

Yon fotograf ki te travay pou vedèt hip-hop Megan Thee Stallion deklare atis rap la te fè l abi epi revoke l enjisteman apre li te fòse l gade l pandan li tap fè sèks ak yon moun.

Emilio Garcia deklare nan dokiman legal ke li depoze devan yon tribinal nan Los Angeles Madi 24 avril la, ke li te bloke bò kote Megan pandan mamzèl tap fè sèks ak yon fanm nan yon "jeep" nan peyi Espay an 2022.

Pwosè ke Garcia lanse a di mamzèl te pase l lòd pou l pa di krik sou sa, epi revoke l kèk jou pi ta.

Dokiman legal la di Garcia te soufri akoz ensidan an, revokasyon an epi abi li te sibi lè l te ap travay pou vedèt la.

Avoka Megan reponn pou di akizasyon fotograf yo se yon tantativ "anraje" pou anbarase chantez la e ke li pral konbat misye devan tribinal.

XS
SM
MD
LG