Accessibility links

Breaking News

Otorite yo Fouye Kay Rapè-Antreprenè Sean 'Diddy' Combs nan Kad yon Ankèt Trafik Seks


Foto Achiv: Vedet rap ak antreprene Sean "Diddy" Combs nan seremoni remiz pri Billboard yo nan Las Vegas, 15 Me, 2022.
Foto Achiv: Vedet rap ak antreprene Sean "Diddy" Combs nan seremoni remiz pri Billboard yo nan Las Vegas, 15 Me, 2022.

Pandan premye 9 mwa ane 2023 a, rapè-antreprenè Sean "Diddy" Combs te pèfòme yon fason triyonfan nan seremoni remiz pri VMA chèn MTV yo, pibiye yon albom R&B ki ranpote yon nominasyon pou pri Grammy epi te pami finalis pou achte rezo televizyon nwa ameriken BET (Black Entertainment Television).

Sepandan plizyè dokiman legal lajistis pibliye nan fen ane pase a, soulve kestyon sou abi seksyèl ak vyòl kont Combs, ki se youn nan atis hip-hop ki gen plis renome yo.

Anketè federal Depatman Sekirite Nasyonal fouye kay vedèt la genyen nan Miami ak Los Angeles.

Otorite yo di fouy sa yo gen koneksyon ak yon akèt otorite federal yo nan Nouyòk ap mennen. Li pa klè si fouy la gen pou wè ak akizasyon yo te soulve nan pwosè legal la.

Combs demanti ak fòs ke li vyole okenn lwa.

XS
SM
MD
LG