Accessibility links

Breaking News

Premye Jou Depozisyon TRUMP


Trump Hush Money
Trump Hush Money

Jodi lendi a se jou depozisyon pou ouvri pwosè ki ap fèt nan New York kont Donald Trump, premye pwosè kriminèl ki janm fèt kont yon ansyen prezidan Etazini.

Avoka akizasyon yo ka di ke Trump te fè koken an 2016, yon ti tan anvan li te genyen eleksyon an, nan kache lajan ke li te peye 2 fanm pou yo fè silans sou swadizan afè ke li te gen ak yo an deyò maryaj li.

Avoka Trump yo ka demanti ke afè sa yo te janm ekziste, e yo ka di jiri a ke avoka Trump, Michael Cohen, te touche lajan pou travay legal li, pa kòm lajan ki, dapre Cohen, sete pou fèmen bouch aktris fim porno Stormy Daniels.

Cohen, ki te jwenn kondanasyon kòm moun ki te vyole sèman li, sete ansyen avoka pèsonal Trump ki te la pou repare erè li.

XS
SM
MD
LG