Accessibility links

Breaking News

Kiba ap Evakye Resòtisan li yo ki Bloke Ayiti


Foto AFP resevwa nan men yon manm gwoup plis pase 250 Kiben ki bloke an Ayiti, montre kek pami manm gwoup la nan yon otel kote yo abite nan Potoprens, 4 Mas, 2024.
Foto AFP resevwa nan men yon manm gwoup plis pase 250 Kiben ki bloke an Ayiti, montre kek pami manm gwoup la nan yon otel kote yo abite nan Potoprens, 4 Mas, 2024.

Gouvènman Kiben an deklare Vandredi li kòmanse evakye plis pase 250 resòtisan li ki bloke an Ayiti depi prèske 2 mwa.

Sitwayen Kiben yo pral kite Pòtoprens pou al Kap Ayisyen nan yon konvwa otobis, dapre sa ministe afe etranje a deklare sou rezo X (ansyen Twitter).

Apre sa yo va monte nan avyon pou tounen Kiba, abò vòl Sunrise Airways, ki gen baz li an Ayiti, ministe a ajoute.

Sous ministe a di premye vòl la sipoze rive Kiba Vandredi nan ayewopò Camaguey la, ki sitye ak yon distans 500 kilomet ak La Havann, kapital Kiba.

Gen 4 lòt vòl ki ta sipoze ateri Camaguey pandan wiken nan, epi yon 6em va ateri nan Santiago de Cuba Dimanch.

Foto AFP resevwa nan men yon manm gwoup plis pase 250 Kiben ki bloke an Ayiti, montre kek pami manm gwoup la nan yon otel kote yo abite nan Potoprens, 4 Mas, 2024.
Foto AFP resevwa nan men yon manm gwoup plis pase 250 Kiben ki bloke an Ayiti, montre kek pami manm gwoup la nan yon otel kote yo abite nan Potoprens, 4 Mas, 2024.

Ayiti ap fe fas ak yon kriz politik ak ensekirite. Zak vyolans yo te ogmante 17 wote nan mwad Fevriye a apre plizye gang ame te kole tet ansanm pou atake lye estratejik nan Pòtoprens. Ayeropò entenasyonal la femen depi le sa a.

Ensekirite a te siprann Kiben yo ki konn vwayaje regilyeman an Ayiti pou achte bagay ke yo revann lakay yo, kote ki gen gwo rate pwodui premye nesesite.

Yon machann Kiben ki gen 24 an pale ak AFP sou kondisyon pou yo pa site non li mwa pase a kote li di avyon li te pret pou monte ladann nan fen mwad Fevriye a te sibi kout zam bandi yo.

XS
SM
MD
LG