Accessibility links

Breaking News

CARICOM Bat Bravo pou Piblikasyon Dekrè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an


Rankont CARICOM nan peyi Guyana, 16 Janvye 2024.
Rankont CARICOM nan peyi Guyana, 16 Janvye 2024.

Nan yon deklarasyon li pibliye 12 Avril nan apremidi, Chèf Gouvènman Kominote Karayibeyèn nan CARICOM, bat bravo pou piblikasyon dekrè ki tabli Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an an Ayiti.

"Etablisman komisyon 9 manm lajman laj la, ki enklisiv siyale posibilite pou yon novo komansman pou Ayiti".

CARICOM souliyen li apiye peyi vwazen li pandan yon pwosesis ki te chaje ak defi, e ki debouche sou yon fomil Ayisyen pou gouvènans ki pral jere eleksyon epi retabli enstitisyon yo ak yon gouvènman konstitisyonèl.

Nap raple ke 11 Mas, CARICOM te reyini ak aktè politik ak pati prenant Ayisyen yo nan Kingston, Jamayik, pou diskite sou kad pou kreyasyon konsèy la epi yon ako politik ki detaye chimen konsèy la dwe pran nan lavni.

"Chèf Gouvènman CARICOM yo apiye konplètman prensip Ako Politik la, an patikilye Atik 16 ki di misyon Konsèy Prezidansyèl la se remete Ayiti sou wout diyite, lejitimite demokratik, stabilite ak souvrènte pou rasire ensitisyon leta yo ap fonksyone komwadwa."

Dapre CARICOM, premye priyorite nouvo konsèy la se va jere ensekirite a pou ke Ayisyen kapab reprann vi nomal yo, gen aksè ak manje, dlo ak sèvis medikal. Li ajoute ke timoun yo ta dwe kapab retounen nan sal klas yo epi fanm yo ta dwe ka deplase san gwo kè sote pou yo pa sibi abi terib. Yon lot priyorite se re-ouvèti biznis ki oblije fèmen akoz ensekirite a.

"Gen gwo defi devan nou. CARICOM pare pou kontinye apiye pèp Ayisyen an ak lidè yo pandan yap detèmine avni yo yon fason souvren nan moman yap travèse yon peryod tranzisyon ki va mete yo sou chimen stabilite, sekirite ak devlopman soustenab a lon tèm peyi d Ayiti."

Korespondan VOA nan Nasyonzini, Margaret Besheer, kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG