Mwayen Oryan
Yon Komite Pral Dirije Hamas pou yon Ti Bout Tan
Hamas pral dirije tanporèman pa yon komite ki baze nan peyi Kata, anvan yo chwazi yon ranplasan apre lanmò chèf yo a, Yahya Sinwar ke Izrayèl te asasine nan yon operasyon yo te mennen nan Gaza, daprè sa sous ki nan mouvman islamis lan te rapòte lendi.
"Apwòch direksyon Hamas la se pa deziye ranplasan pou chèf ki mouri a, mati Yahya Sinouar, anvan pwochen eleksyon mouvman palestinyen an ki pwograme pou mwa mas 'si kondisyon yo pèmèt'," dapre sa yon sous nan Hamas te di AFP.
Yahya Sinouar, ki te nonmen kòm chèf Hamas apre asasina Ismaïl Haniyeh nan Iran nan mwa jiyè, te jwenn lanmò l jedi nan men lame Izrayelyen an, ki te touye l nan sid Gaza, teritwa palestinyen kote lagè ap fè ravaj depi yon lane.
Komite ki gen 5 manm sa a, ki te fòme an Out apre asasina Haniyeh, ap fasilite pran desizyon yo devan difikilte kominikasyon ak Sinouar nan Gaza " ap pran direksyon gwoup la," dapre sous la.
Komite sa a, ki baze nan Doha, gen reprezantan pou Gaza (Khalil al-Haya), Cisjordanie ki anba okipasyon Izrayèl (Zaher Jabareen) ak dyaspora (Khaled Mechaal), ansanm ak Konsèy Konsiltatif Choura Hamas la (Mohammed Darwish) ak sekretè biwo politik la, ki toujou rete anonim pou rezon sekirite, li te ajoute.
Yon lòt sous nan Hamas te fè konnen direksyon gwoup la te diskite sou posiblite pou nonmen yon chèf politik san yo pa anonse non li, yon opsyon ki te rejte.
Blinken Tounen Izrayèl pou Rankont ak Responsab yo
Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken rive Izrayèl kote lap fè 11èm vizit li nan rejyon an depi kòmansman lagè Izrayelo-Hamas la.
Blinken ap rankontre responsab wo plase yo nan moman Etazini ap chache re bay jefo seselfe a jarèt apre asasina chèf Hamas la, Yahya Sinwar.
Jiskaprezan okenn nan pati kap fè lagè yo pap sede devan demann yap fè depi lontan.
Izrayèl toujou ap fè lagè ak Hamas plis pase yon lane apre atak 7 Oktòb militan yo te lanse kont li epi ak Hezbollah a nan Liban kote li lanse yon ofansiv terès pi bonè mwa sa a.
Izrayèl ta sipoze lanse frap ayeryen kont Iran tou apre atak ak misil balistik peyi sa a te lanse kont li, 1 Oktòb pase a.
Yon Anvwaye Espesyal Ameriken ap Vizite Liban pou Eseye Mete Fen nan Konfli a
Yoon anvwaye espesyal Ameriken vwayaje Liban pou rankontre ak otorite yo nan objektif pou ankouraje yo mete fen nan konfli ak Izrayel la.
Izrayel ap Sible Enstalasyon Finansye nan Liban
Lame Izrayelyen nan deklare lap sible kounyea branch finansye Hezbollah a e li gen entansyon atake yon dig dal sib nan Beirout ak lot kote.
Eksplozyon tanmen nan banlye sid Beirout yo apepre yon he d tan apre anons la Dimanch.
Yon responsab wo plase ranseyman Izrayelyen di atak yo vize al Qard al Hassan.
Oganizasyon sa a se yon ajans non gouvenmantal ki pa deye benefis ke ni Etazini ni Arabi Saoudit sanksyone e ki dispoze sevis finansye. Senp sitwayen Libane yo sevi ave l tou.
Izrayel di se yon inite Hezbollah a ke militan yo sevi pou peye moun kap travay pou gwoup sa a, ke Iran apiye.
Hezbollah di li te Vize Vil Haifa nan Nò Izrayèl
Hezbollah Libanè a te anonse li te lanse wokèt dimanch sou Haifa, pò prensipal la nan nò Izrayèl, kèk èdtan apre twa frap Izrayelyen sou katye nan sid Bewout.
Nan yon deklarasyon, mouvman pwo-Iranyen an, ki angaje depi 23 septanm nan yon twoke kòn ak Izrayèl, te endike konbatan li yo te lanse "yon latriye wòkèt" sou vil Haifa, "kòm repons" a atak sou katye nan sid Bewout, bastyon Hezbollah, fòs ayeryen Izraelyen an te bonbade pandan prèske yon mwa.
Facebook Forum