Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Atak Izrayelyen sou Fwontyè Liban ak Siri a Koupe Wout Prensipal Ant 2 Peyi yo

FILE - Missiles launched from Iran towards Israel are seen in the West Bank city of Nablus, Oct. 1, 2024.
FILE - Missiles launched from Iran towards Israel are seen in the West Bank city of Nablus, Oct. 1, 2024.

Ajans nouvèl libanè ANI rapòte ke yon atak Izrayelyen sou fwontyè yo ak Siri a koupe wout prensipal ki konekte 2 peyi yo vandredi.

Plizyè dizèn milye moun k ap kouri kite peyi Liban nan dènye jou sa yo, kote Izrayèl ap lage bonm san kanpe nan lide pou kwape Ezbola, konn itilize wout sa a pou yo al kache nan peyi Siri.

Atak izrayelyen: 46 moun Mouri, 85 Blese nan Peyi Liban

APTOPIX Lebanon Israel
APTOPIX Lebanon Israel

Ministè Sante Libanè a te anonse Mèkredi swa, 46 moun te mouri ak 85 lòt blese nan "frap ènmi Izrayelyen yo a" pandan 24 èdtan ki sot pase yo nan plizyè rejyon nan peyi a.

Sant Kriz Libanè a te anonse anvan piblikasyon bilan jounalye sa a, gen 1,928 moun ki te deja mouri nan peyi Liban depi lè Izrayèl la ak Ezbola te kòmanse twoke kòn yon nan mwa Oktòb 2023.

Moskou di Sitiyasyon Mwayen Oryan an Montre "Echèk Total" Politik Washington lan

Russia Nuclear Doctrine
Russia Nuclear Doctrine

Larisi te di Madi 1ye oktòb la sitiyasyon sa ki cho tankou yon vè lanp nan Mwayen Oryan an montre "echèk total" politik Ameriken an nan rejyon an ak "enpisans" Washington pou anpeche yon eskalad, apre atak misil masiv Iran sou Izrayèl.

Pòtpawòl diplomatik Ris Maria Zakharova te di sou Telegram "Sa a se echèk total administrasyon (Prezidan Joe) Biden nan Mwayen Oryan an.

Yon dram sanglan ki ap layite kò l.

Deklarasyon flou Mezon Blanch yo montre a klè enkapasite yo pou rezoud kriz la."

Iran di L ap Atake 'Tout Enfrastrikti' Izrayèl si yo Atake l

سرلشکر محمد باقری، رئیس ستاد کل نیروهای مسلح جمهوری اسلامی Mohammad Bagheri
سرلشکر محمد باقری، رئیس ستاد کل نیروهای مسلح جمهوری اسلامی Mohammad Bagheri

Chèf lame Iran majò jeneral Mohammad Bagheri, te fè konnen Iran ap frape "tout enfrastrikti” Izrayèl si jamè yo ta atake l pou yo ta riposte pou atak ak misil yo te fè Madi a.

Jeneral Bagheri te di nan televizyon leta Iranyen an si Ameriken ak peyi Ewopeyen k ap sipòte " rejim Siyonis la, ki fin pèdi tèt, pa fè yo mete dlo nan diven yo, yo kite l kontinye kontinye krim sa yo oswa aji kont souverènte ak entegrite teritoryal nou.

Operasyon tankou sa ki te fèt nan Madi swa a pral repete ak pi gwo fòs epi n ap vize tout enfrastrikti yo genyen lakay yo."

Dapre Lame Izrayelyen an, Misil Iran Tonbe Sou Baz Ayeryen Li Yo

ISRAEL-PALESTINIANS/LEBANON
ISRAEL-PALESTINIANS/LEBANON

Lame Izrayelyen an di Mèkredi 2 oktòb la ke misil Iran te tire pandan gwo atak li te lanse madi swa kont Izrayèl tonbe sou baz ayeryen peyi a, men yo asire ke atak la pa fè okenn domaj.

Deklarasyon an te di "Pandan atak Iranyen yè a, plizyè misil tonbe sou baz "fòs ayeryen" Izrayelyen an".

Okenn enfrastrikti... Pa't domaje, "lame a te di nan yon deklarasyon, e li te ajoute, atak la pa lakòz okenn blese oswa domaj avyon yo.

Load more

XS
SM
MD
LG