Plis pase 90 mil moun oblije kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo. Kounyea lap viv nan lari. Sandra Lemaire gen detay sou sityasyon refije sa yo.
Kous Talon Kikit, Defile chyen ak chat epi yon kous bisiklet zonbi, se kek selman pami fason Ameriken selebre youn nan fet prefere yo nan ane a, Halloween.
Responsab Lasante yo gen difikilte pou jere paket pasyan kap debake sou yo chak jou ak sentom maladi kolea a. Sandra Lemaire mennen nou nan yon sant medikal Medsen San Fwontye nan Potoprens.
Sekretè Deta Ameriken-an Antony Blinken, vizite peyi Kanada pou diskite antwot sou dosye Ayiti-a. Nan menm okazyon sa , Mesye Bliken ak Melanie Joly, minis afè etranjè kanadyen an, eksprime volonte pou ede Ayiti soti nan kriz lap travèse a.
Xi Jinping fè sa predesesè li pat janm fè -- li renouvle manda li kom lidè pati Kominis la yon twazyèm fwa. Sandra Lemaire ap ba nou detay epi reyaksyon kèk Chinwa.
Moun eta Joji komanse vote. Apati Jedi maten, te gen 40,000 elekte ki te deja fe lake nan biwo vot yo nan Joji pou vote. Chif sa a egal preske 10% elekte yo. Sandra Lemaire gen detay sou kisa k an je nan eleksyon sa a.
Nan Koze Fanm nou fè konesans ak yon astwonot Amerikèn ki kraze yon gwo baryè pou pep Endijèn Ameriken an. Sandra Lemaire ap di nou plis.
Yon responsab Pwogram Alimantasyon Mondyal Nasyonzini mande plis asistans pou Ayiti akoz aktivite nèg ame yo, ki afekte livrezon manje bay popilasyon an. Repòtaj Sandra Lemaire
5 Moun Mouri nan yon Fiziyad nan Kawolin di NòYon tinedje 15 zan tire e touye 2 moun nan lari yon katye nan Raleigh, kapital Kawolin di Nò epi apre sa li pran kouri.Repòtaj Sandra Lemaire
Etazini deja pase alaksyon kote li adopte antwot restriksyon sou viza kèk pesonalite ayisyèn. Pòtpawòt Depatman Deta Ned Price te abòde kesyon sa a … Repòtaj Sandra Lemaire
Lamezon Blanch fè konnen Ayiti enpòtan nan zye Etazini pandan yo anonse anilasyon viza pou plizyè aktyèl ak ansyen responsab gouvènman Ayisyen ak fanmi yo. Repòtaj Sandra Lemaire
Load more