Ayiti-Jistis: Entèdiksyon Depa ak Manda Damne Kont Sitwayen Yves Léonard pou Vyolans sou Majistra Nice Simon

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Senbòl lajistis

Lajistis ann Ayiti mete yon entèdiksyon vwayaj ak yon manda damne kont sitwayen Yves Léonard apre konkibin li majistra Tabarre la Nice Simon depoze plent pou li sou akizasyon vwa-d-fè ak tantativ dasasina.

Gouvènman an kondane ensidan an. Oganizasyon feminis yo mande jistis ak reparasyon pou viktim nan. Ministè lajistis la sispann pwovizwaman komisè gouvènman Kwadèboukè a Yvon Jean Noel ki ta gen nonn site nan yon dosye ki enplike Majistra Nice Simon.

Komisè a rejte tout akizasyon nan ankèt ULCC ap mennen kont majistrasyon sou fason lap jere byen komin nan.