Yon Vid Pandan 8hè nan Dosye Apèl Telefon Lamezonblanch Anba Trump 6 Janvye 2021

Foto Achiv: Prezidan Donald Trump pale pandan yon manifestasyon pou pwoteste kont setifikasyon kolej elektoral la pou di se Joe Biden ki ranpote eleksyon 2020 an, nan Washington, 6 Janvye 2021.

Komisyon La Chanm kap mennen ankèt sou atak 6 Janvye kont Capitol la idantifye yon espas 8 hè'd tan nan dosye ofisyèl Lamezonblanch anba gouvènman Donald Trump la jou kote zak vyolans tap dewoule epi patizan li yo te atake bilding nan.

Se 2 moun ki byen ranseye sou ankèt la ki anonse nouvèl sa a. Espas vid la dire ant kèk minit apre 11 zè ak 7 hè di swa 6 Janvye 2021, dapre youn nan sous yo.

Tou le 2 te pale ak Associated Press sou kondisyon pou yo pa site non yo paske yo pat gen otorizasyon pou pale piblikman sou ankèt la kap kontinye.

Komisyon an ap mennen ankèt sou vid sa a nan dosye ofisyèl Lamezonblanch la.