Yon Prèt Ayisyen Rakonte Istwa Kidnaping li Anba Men Gang ki Kenbe Misyonè yo

Foto Achiv: Pret Katolik Jean-Nicaisse Milien pandan yon mes nan Potoprens, Dimanch 7 Nov. 2021.

Pè Katolik Jean-Nicaisse Milien te santi frechè yon zam bò zorèy dwat li.

Prèt Ayisyen an ansanm ak 9 lòt moun te viktim kidnaping pandan yo tap kondui andeyò kapital la, Pòtoprens nan kòmansman mwad Avril la.

Se gang 400 Mawozo a ki fè dappiyanp sou yo. Menm gwoup ki kidnape 17 misyonè gwoup relije Ameriken an 16 Oktòb pase a.

Gwoup sa a, ladann gen 5 timoun, poko jwenn liberasyon yo. Lidè 400 Mawozo a mande yon ranson $17 milyon pou lage yo epi li menase pou touye yo.

Prèt katolik la ak viktim gang la kidnape ansanm avè'l yo te jwenn liberasyon yo apre 20 jou. Yo te yon ranson ke yo pa presize.

Pè Milien pale ak Associated Press Madi 8 Novanm kote li dekri tray limenm ak 9 konpayon'l yo te pase. Nan gwoup la te gen 2 mè relijez, 4 prèt Katolik ak 3 manm fanmi yo.

Apre gang la kidnape yo 11 Avril, bandi yo bare je yo, Milien di, epi yo pran wout la jiskaske yo rive nan yon kay depafini kote yo te dòmi atè pandan plizyè jou.

"Se atè nou te fè bezwen nou," prèt la sonje. "Li te vreman difisil."

Milien ak lòt manm gwoup la te gen je yo bare pandan 2 jou. Yo te manje diri oubyen pen epi bwè Coca-Cola.

Premye jounen an, manm gang yo mande gwoup la pou'l remèt yo nimewo telefòn fanmi yo. Bandi yo te komanse rele moun ke yo te mande $1 milyon pa tèt - menm sòm yo mande pou misyonè yo te kidnape mwa pase a.

Katriyèm jou a, gang la te lage yon moun epi transfere pè Milien ak lot yo nan yon kay ki pi piti. Apre 2 semèn yo te lage 3 lòt moun, men pa pè a. Bandi yo te mennen limenm ak 5 lòt moun te al nan yon lòt kay abandone.

"Dènye semèn nan, bagay yo te difisil," misye sonje, paske yo pat resevwa okenn manje epi yon ti kras dlo sèlman.

Pandan yo te sou wout pou y'al yon twazyèm kote lidè gang lan di yo: " Koute nou pa gen okenn manje, pa gen lopital, pa gen kay. Nou pa gen anyen, men nou gen yon simityè."

Milien te konsidere sa tankou yon menas lanmò. Li te pare kò'l. "Mwen di yo,'Kontinye lapriyè'" pè a deklare se sa li te di moun ki te avè'l yo. "Yon jou n'ap lib."

Evantyèlman, pè Milien ak 5 lòt moun yo te jwenn liberasyon yo apre yo te peye yon ranson yo pa presize.

Libète yo vini lè yon moun bat pòt la 20èm jounen kaptivite yo. Li te 11 zè di swa.

"Leve! Leve! Leve! Ann ale!" pè Milien sonje se sa yon manm gang la te rele.

Gwoup la te fèb, yo mache kèk mèt epi yon machin ranmase yo epi mennen yo tounen nan katye yo. Pè a pase prèske yon semèn lopital, kote li te resevwa swen medikal ak vitamin pou'l te ka reprann fòs li.

Kèk mwa pi ta, pè Milien di li toujou resevwa asistans psikolojik.

"Se pa yon bagay ki fasil. Chak fwa nou sonje yon bagay. Chak fwa nou reflechi sou yon bagay...Sa fè pati lavi'm," li di AP.

Konsèy li pou fanmi 16 Ameriken ak yon Kanadyen epi chofè Ayisyen yo ke gang la toujou kenbe, se pa janm pèdi espwa, li di li lapriyè pou liberasyon yo.

"Mwen konnen eksperyans la pa fasil," li deklare.

Pandan entèvyou a moun te ka tande zam ap tire nan yon kominote nan zon nan ke yon lòt gang kontwole.

"Fok nou fè kichoy. Gouvènman an gen pou'l fè yon bagay paske nou paka rete nan sityasyon sa a," pè Milien di.