Yon Operatè Tren Meksiken Sispann Sèvis li Akoz Twòp Migran ap Chache Grenpe Antre epi Blese

Migran gade yon tren pase pandan yap tann yon tren kago pou yo ka monte abo li nan Huehuetoca, Meksik, 19 Sept. 2023.

Yon Operatè tren nan Meksik anonse lap sispann trajè nan rejyon no peyi a paske gen yon pakèt migran kap grenbe abo tren kago yo epi blese.

Sèvis tren Ferromex la deklare Madi li pase lod pou sispann pwovizwaman vwayaj 60 tren.

Konpayi a di nan yon deklarasyon li pibliye "pandan jou ki sot pase yo gen apepre yon demi douzèn ka regretab kote migran swa blese swa mouri" pandan yap grenpe monte nan tren kago yo.

Konpayi a, ki fè pati Grupo Mexico, deklare gen kèk migran ki menm vole monte sou tren yo ansanm ak timoun yo "malgre danje grav sa poze".

Nouvèl sa a tonbe nan moman migran yo ap vinn de pluzanplu dezespere pou rive sou fwontyè Etazini an.