Yon Gwoup Militan Ki Rele Tèt yo "Nou Pap Dòmi" Mande Piblikasyon Rapò Final PretroCaribe a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Siy Petro Caribe

Yon group ki rele tèt li "Nou pap Dòmi" anonse yon sit-in devan Cour Superieur des Comptes et du Contentieux Administratif (CSC/CA) pou ekzije piblikasyon rapò final sou jesyon Fond PetroCaribe a.

Gwoup la fè anons sa a nan moman KOU SIPERYE DES COMPTE anonse li pap kapab respekte yon delè kap bout nan fen mwa avril la pou l pibliye rapò final la.

Olye de sa, responsab yo di yo va pibliye rapò a pandan mwa me a. Prezidan komisyon anti kòripsyon Sena ayisyen an Senatè Youri Latortue reyaji aprè pakè Pòtoprens remèt kabinè denstriksyon dosye Petro Caribe a.