Yon 15èm Tanpèt Twopikal Fòme sou Oseyan Atlantik la : Ophelia

Tanpèt twopikal Ophelia fin fòme sou Oseyan Atlantik la, sou yon distans 2 mil 500 kilomèt a-lès Zile Sou Levan yo.

Sezon siklonik la ane sa a genyen yon 15èm sistèm ki pote non, aprè tanpèt twopikal Ophelia fin fòme sou Oseyan Atlantik la, sou yon distans 2 mil 500 kilomèt a-lès Zile Sou Levan yo.

Sant Nasyonal Siklòn ameriken an ki baze nan Miami, fè konnen Ophelia ap pote van k ap soufle a 65 kilomèt alè e l ap deplase nan direksyon lwès ak yon vitès 15 kilomèt alè.