Washington Apiye yon Plan Lig Arab la Pou Retabli Lapè nan Siri

Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton

Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton pare pou l ankouraje Konsèy Sekirite l ONU an pou l apiye yon plan lapè Lig Arab la prepare pou Siri, aprè Washington fin kondane le fèt ke gouvènman prezidan Bashar al-Assad la ogmante vyolans la nan peyi a.

Nan objektif sa a, Madam Clinton pral mete ansanm avèk minis afè etranjè Lafrans ak Lagrand Bretay nan yon sesyon k ap dewoule madi 31 janvye 2012 la.

Puisans oksidantal yo gen kèk jou deja depi y ap travay sou yon pwojè-rezolisyon ki apiye plan Lig Arab la ki mande pou Misye al-Assad kite pouvwa a kòm mwayen pou rezoud kriz la nan Siri.