Vwayajè yo Kontan Reyini pou la Premyè Fwa ak Fanmi yo

  • Jean Robert Phillipe

FILE - In this Jan. 25, 2016, file photo, a passenger talks on the phone as American Airlines jets sit parked at their gates at Washington's Ronald Reagan National Airport. American Airlines is giving more details on changes that will reward the…

Vwayajè yo kontan reyini pou premyè fwa avek fanmi yo apre administrasyon Biden lan leve entèdiksyon vwayaj ke ansyen administrasyon Trump lan te enpoze pandan plis pase 18 mwa pou evite pwopagasyon pandemi kowonaviris la.

Henry Peyrolongue asistan direktè konpayi Air-Frans lan kwè ouvèti fwontyè a non sèlman bon pou liy ayeryèn yo, men tou pou kliyan yo. Dapre li liy ayeryèn yo pral ogmante kapasite yo, pou yo kapab reponn ak demand kliyan. Apati de Mas 2022 konpayi an espere retounen a 90% kapasite fonksyonman avan COVID la nan 11 destinasyon Ozetazini.

Apati de lendi 8 Novanm nan pasaje ki vaksinen totalman e ki genyen yon tès negatif kont COVID-19 kapab rantre Ozetazini pa vwa ayeryèn e terès.

Sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik nan zòn Ciudad Juarez sitiyasyon an diferan pou 2 kategori imigran—si la yo ki gen dokiman legal tankou Lorena Hernandez ki pa wè pitit fi l Oralia Perez depi lè Etazini te fèmen fwontyè a akoz pandemi an.

Maria Isabel Garcia deklare mwen kontan fwontyè a louvri ankò sitou pou machann tankou nou menm ki travèse fwontyè a pou al achte pwodui nou.

Genyen yon lòt kategori imigran ki pa kalifye pou antre Ozetazini menm si yo vaksinen. Angelica, ki soti nan peyi Onduras, k ap chache azil Ozetazini, pale ak yon ajan sou posibilite pou yo kite l travèse fwontyè a, poul ka jwenn azil.

Dapre ajans vwayaj ameriken yo, vwayaj entènasyonal la te diminye depi nan kòmansman pandemi an. Kòm konsekans geyen yon pèt $300 milya ekspòtasyon ak yon pèt plis pase 1 milyon anplwa sèlman Ozetazini.