Vizit Biden nan Mwayèn Oryan an Vize Rasire Lidè yo

Prezidan Joe Biden salye moun sou pis aterisaj la anvan li pati kite Jeddah, Arabi Saoudit, Samdi 16 Jiye, 2022.

Prezidan Joe Biden mete fen nan vire won 4 jou li tap fè nan Mwayèn Oryan an.

Men anvan li te mete pye nan Arabi Saoudit, Biden te konnen tap gen pwoblèm. Li te riske anpil kritik lè li te deside vizite li te sèmante pou'l trete tankou "pariah" poutèt vyolasyon dwa moun ki komèt la, e ke pat gen okenn garanti vizit la tap debouche sou yon ogmantasyon pwodiksyon petwol pou soulaje pri gazolin sou mache a.

Biden te deside fè fas ak kritik sa yo kanmenm, ak espwa li tap kapab pwofite vizit la pou'l repare relasyon ant Etazini ak peyi sa yo.

Li te eseye voye yon mesaj klè bay lidè Arab yo ke Etazini kontinye pran angajman vizavi sekirite yo ak stabilite rejyon an.