O Venezuela: Gouvènman Maduro a Pa Gen Entansyon Kanpe sou Plan Eleskyon li an Malgre Presyon Entènasyonal

Portlend shahridagi namoyishlar

Gouvenman Prezidan Nicolas Maduro a ap pouse pou pi devan avèk pwojè li genyen pou l fòme yon asanble konstitiyant pou bay peyi a yon konstitisyon tou nèf, malgre Lezetazini menase pou l enpoze sanksyon sou Karakas.

Minis afe etranjè Venezuelyen an, Samuel Moncada, kritike Washington poutèt lap chache bloke eleksyon ki fikse pou 30 jiyè 2017 kap vini an pou pèp la vote manm asanble espesyal sa a.

Dimanch 16 jiyè 2017 la, plis pase 7 milyon elektè te patisipe nan yon referandòm ki pa ofisyèl e ke opozisyon te òganize. Rezilta yo te montre 98 pousan patisipan yo te vote pou yo denonse mank lejitimite rejim Prezidan Nicolas Maduro ap dirije nan Karakas la.

Elektè venezuelyen yo te gen pou reponn 3 kesyon fondamantal; konsa yo rejte kategorikman pwopozisyon gouvènman an fè pou l bay peyi a yon kò lejislatif puisan.

Prezidan \Maduro, bò kote pal, rejte referandòm nan e li konsidere li kòm yon aksyon enkonstitisyonèl. Se konsa Misye Maduro kontinye mennen kanpay pou l jwenn apui pèp la pou yon eleksyon gouvènman an fikse pou 30 jiyè kap vini la a, e ki ta ka pèmèt li enstale yon asanble kontitiyant ki pou re-ekri manman lwa Venezuela a. Daprè opozisyon an, objektif yon pwojè gouvènmantal konsa se kraze enstitisyon leta yo.