Venezuela: Prezidan Maduro Bat Bravo Lakontantman pou Eleksyon Dimanch yo Ki te Dewoule Anba Anpil Vyolans

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Venezuelyen an, Nicolas Maduro. Karakas Venezuela, 30 jiyè 2017.

O Venezuela, Prezidan Nicolas Maduro di eleksyon dimanch yo pou chwazi yon asanble konstityant pou re-ekri konstitisyon peyi sid-ameriken an, se te yon kokenn siksè.

Li kontinye poul di: “Pèp venezuelyen an mete sou pye asanble a." Dimanch 30 jiyè 2017 la, lanmò, pwotestasyon, ak vyolans vwale jounen eleksyon pou eli 545 manm Asanble Konstitiyant la ki pral gen responsabilite pou re-ekri konstitisyon peyi a.4 polisye sou motosiklèt te blese lè yon moun te voye yon eksplozif sou yon konvwa nan Karakas.

Yon polisye nan gad Nasyonal Bolivaryèn nan kap lage nan yon flanm dife yon motosiklèt apre yon manifestan anti-gouvènman an te voye yon eksplozif sou fòs de lòd yo nan yon lese frape nan Karakas, Venezuela. 30 jiyè 2017.

Opozisyon an te mande pèp la pou boykote vòt la. Jounalis sou plas di gen plizyè dizèn biwo vòt ki te rete preske vid. Prezidan Nicolas Maduro pandan li tap lage premye bilten li te deklare: “Se premye bilten pou lapè, premye bilten souverente, ak endepandans Venezyela.”

Pòtpawòl Depatman Deta a, Hether Nauert, ki tap meyaji sou sityasyon an nan Venezuela fè konnen : “Eleksyon sa a minen dwa pèp venezuelyen an genyen pou l chwazi pou pwòp tèt li. Nou pral kontinye pran aksyon djanm kont architèk totalitarism sa a nan Venezuela, pami yo moun ki patisipe nan asanble kontityant la, ki se resilta yon eleksyon nan fo mamit.