Eazini-Kalifòni: Yon Dife Ki Eklate sou Plizyè Ekta Tè Fè Gwo Dega an Vi Zimèn ak Materyèl

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Vicki Nightingale sprays water on her home in Glen Ellen, California, Oct. 11, 2017.

Van pi kalm ak tanperati ki bese, sa ede plizyè milye ponpye nan eta Kalifòni, nan lwès Etazini fè pwogrè nan batay kont yon pakèt dife ki pete nan tout eta a dimanch pase a.

Depatman Forè ak Pwoteksyon kont Dife nan Kalifòni avèti ke van kap soufle ak kondisyon lè a ki sèk poze yon defi toujou, e yo fè konnen dife boule plis pase 46 mil-500 ekta tè. Dapre responsab yo, 17 moun pèdi lavi yo e yon afè mil 500 kay ak biznis kangannen nan dife.

Ponpye tap redi pou yo etenn plis pase yon douzèn gwo dife ki te deja touye o mwen 11 moun e oblije plizyè milye lòt kouri kite kay yo. Daron Wyatt, ki se pòtpawòl Sèvis Ponpye nan vil Anaheim, te deklare -madi 10 oktòb 2017 la.

"Nou pa espere kondisyonyio pral favorab pou nou fè travay nou kòmsadwa, an tou ka pa zavan demen mèkredi a. Jan kondisyon tan an prezante aktyèlman, nou prevwa plis dife pral pran nan jou kap vini yo."