Etazini fè konnen l ap wete kò l nan UNESCO, e li akize òganizasyon an kòmkwa l ap fè pati-pri "kont Israel." Pòtpawòl Depatman Deta a, Heather Nauert, ki fè yon deklarasyon sou dosye a, fè konnen:
"Se pa yon desizyon nou pran a la lejè; li reflete preokipasyon Lèzetazini devan dèt UNESCO ki pa sispann ogmante, nesesite pou refòm fondamantl fèt nan ajans la, ak pozisyon UNESCO sou Izrayèl ki chaje ak pati-pri."
Depatman Deta konfime Retrè Etazini an ap fèt nan dat 31 Desanm k ap vini an. Kèk èd tan. Apre anons Depatman Deta a, peyi Izrayèl, li menm tou, fè konnen li pral kite UNESCO.