Somè ant Prezidan Trump ak Lidè Kore di Nò a Kim Jong Un Toujou Posib

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Foto konbinezon ki montre Prezidan ameriken an Donald Trump, agoch, al lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un. (Foto: AP/Ahn Young-joon,24 me 2018.)

Reponsab ameriken ak nòkoreyen rankontre dimanch 27 me 2018 la nan zòn demilitarize ant Kore di Nò ak Kore di Sid pou diskite sou posiblite pou somè ant Prezidan Donald Trump ak Kim Jong Un ta toujou dewoule jan yo te prevwa li a pandan mwa jen an apre lidè ameriken an te fin anile rankont la jedi pase a.

Isit nan Washington,Prezidan Trump fè konnen somè 12 jen pwochen nan peyi Sengapour byen kapab fèt apre tou. Lokatè Mezon Blanch la ajoute:

"Mwen vrèman kwè Kore di Nò gen yon potansyèl briyan, kote li gen posiblite pou l vin tounen yon gwo fòs ekonomik e finansye yon jou."

Prezidan Trump te deside anile rankont la semèn pase a akoz delegasyon nòkoreyen an ki te dwe travay ak ameriken yo pou prepare rankont la pat mete pye nan Sengapour.

Mesye Trumop te di Etazini rete disponib si toutvwa Kim Jong Un ta deside pou chita pale ak li sou denikleyarizasyon prèskil koreyen an. Kore di Nò bò kote pal te reyaji kote li te fè konnen desizyon sa pa reponn ak atant yo nan kad yon solisyon pasifik nan kriz la.