Menas Kore di Nò a nan Tèt Kalandriye Prezidan Trump Kap Fè yon Vire Won ann Azi

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Etazini an, Donald Trump, pandan li tap pale nan baz militè ameriken an nan Yokota Air Base nan Fussa, Tokyo, 5 novanm 2017.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, kite Washington vandredi 3 novanm 2017 la pou yon virewon 12 jou kote lap vizite 5 peyi sou kontinan azyatik la, nan moman tansyon yo ap ogmante sou Preskil Kore a.

Misye Trump ap fè vwayaj sa a apre sondaj yo te montre Kore di Nò reprezante menas ki pi imedya pou Lèzetazini. Nan dat 7 ak 8 novanm, lidè ameriken an gen pou l ale nan Kore di Sid, nan kad 2èm etap toune lap fè an Azi a.

Pandan chita-pale li ak prezidan sid koreyen an, Moon Jae-In, e divès lòt lidè mondyal, obsèvatè yo prevwa Mesye Trump pral abòde dosye Kore di Nò a, pou l eksplike kòlèg azyatik li yo kijan li konte jere doye nò koreyen an, fòse rejim lidè Kore di Nò a, Kim Jung-Un, sispann fabrikasyon misil balistik ak zam nikleyè li a.