Prezidan Meksik la Di Kesyon Miray ant Etazini ak Peyi li a Se yon "Kraponay"

Yon pati nan fowntyè ki separe Lèzetazini ak Meksik nan zòn Santa Teresa.

Prezidan Andrez Manuel Lopez Obrador fè sèman ... peyi li a pap pran nan kraponnaj ki fè kwè pral genyen yon miray sou fwontyè ki separe peyi li avek Lèzetazini.

Se yon fason vwale pou misye Obrador di li rejte pwopozisyon prezidan ameriken an, Donald Trump fè, pou l di administrasyon li a pral konstrui yon miray sou tout longè fontyè amerikano-meksikèn nan.

Lidè meksiken an pale pou l di "Pa gen pèsonn moun ki pral kraponnen Meksik pou fè l konprann yo pral fèmen --- ni militarize fwontyè ki nan pati nò peyi a."Fen sitasyon