Pakistan: Liberasyon yon Koup Amerikano-Kanadyen ki te nan Men Militan Taliban yo Depi Plis Pase 5 kan.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon foto 19 desanm 2016 ki montre sitwayèn amerikèn, Caitlan Coleman ak mari kanadyen li an, Joshua Boyle, ak 2 pitit gason yo ki te fèt pandan mesye-dam yo te anba men taliban yo.

Nan peyi Pakistan: Lame rive sove yon fanmi amerikano-kanadyen nan yon rejyon kote tribi abite sou fwontyè peyi a ak Afganistan, preske 5 kan apre militan taleban afgan yo te kidnape mesye-dam yo.

Caitlan Colman --ki se yon sitwayèn amerikèn ak mari li, Joshua Boyle, ki se yon kanadyen-- te disparèt nan Agfganistan nan ane 2012; apre sa militan Taleban yo te pran responsablite pou kidnaping yo.

Gwoup militan an ki te pibliye video ki montre mesye-dam yo pandan yo te an kaptivite a-- te egzije liberasyon kèk prizonye yo kòm kondisyon pou yo te lage Misye ak Madam Boyle. Pandan koup la te anba men militan yo, madanm nan fè 3 pitit.