2 Pwopriyetè yon Boutik Zam nan Miami Anba Akizasyon Trafik Zam Ilegal ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

ekspozisyon zan nan vil Roseburg, Oregon, Etazini 3 oktòb 2015.

Otorite ameriken yo arete nan vil Orlando, eta Florid Junior Joseph ak Jimy Joseph, pwopriyetè yon boutik kote yo vann zam anba akizasyon kòmkwa yo ta voye ilegalman yon gagezon zam nan vil Sen Mak, yon pwovens nan nò peyi Dayiti.

Dokiman tribinal yo lonje dwèt sou 2 akize yo kòm prensipal responsab kagezon za m nan. Nouvèl yo pa rapòte si otorite ayisyen yo te arete konplis ki te gen pou resevwa kagezon nèg yo te voye nan vil Sen Mak, depatman Latibonit, nan epòk la.

Pandan semèn pase yo, nouvèl ki tap sikile sou entènèt te montre boutik kote 2 mesye sa yo ap vann zan la. Nouvèl yo pa di si se mesye sa yo se ayisyen dorijin.