Nan yon memorandòm Prezidan ameriken an Donald Trump voye bay sekretè Deta Etazini an li deklare: "Nan otorite ke dapre Konstitisyon ak lwa Etazini ban mwen, e jan sa ekri nan seksyon 706(1) Lwa sou Otorizasyon Relasyon Etranje, nan Ane Fiskal 2003 (Lwa Piblik 107-228) (FRAA), mwen idantifye peyi sa yo kòm gwo kalfou kote dwòg travèse pou vini Ozetazini: Afganistan, Bahamas, Beliz, Bolivi, Bimani, Kolonbi, Costa Rica, Repiblik Dominikèn, Ekwatè, Salvador, Gwatemala, Ayiti, Ondiras, End, Jamayik, Laos, Meksik, Nikaragwa, Pakistan, Panama, Pewou, ak Venezyela."
Sepandan nòt la fè konnen ke menm lè yon peyi gen non li sou lis la, sa pa vle di ki mezi efò responsab sèvis nakotik peyi sa yo fè kont sa, ni nan ki pwen yo kowopere ak Etazini pou konbat flewo dwòg la.
Rezon ki fè peyi sa yo sou lis la se pozisyon jewografik, komèsyal, e ekonomik yo ki rann li pi fasil pou dwòg fè eskal nan yo, e pou peyi sa yo pwodui li, malgre efò gouvènman yo fè pou konbat trafik ilegal sa yo.
Yon lòt kote, nòt la fè konnen peyi tankou Venezuela ak Bolivi klèman pa fè efò pandan 12 mwa ki pase yo pou yo reponn obligasyon yo jan akò entènasyonal kont nakotik la mande l nan seksyon 706(2)(A) FRAA yon ekzijans ki nan seksyon 489 (a) (1) FAA. Mwen detèmine tou ke, dapre seksyon 706 (3) (A) nan FRAA, pwogram èd pou ankouraje demokrasi nan Venezuela, sa enpòtan anpil pou enterè nasyonal Etazini. Lidè ameriken kontinye pou l di:
"Konbat san rete epidemi opioid la Ozetazini se youn nan priyorite ki pi ijan pou administrasyon mwen an. Lwa Apwopriyasyon Konsolide 2018 la, ke mwen te siyen pandan sezon prentan an, debloke preske 4 milya dola anplis kòm finansman pou konbat kriz nasyonal sa a.
"Mwen gen gwo kè-sote daprezavwa rekòt dwòg ilegal ap vale teren ane apre ane nan peyi Kolonbi, Meksik, ak Afganistan[...] Pwodiksyon ak trafik dwòg nan 3 peyi sa yo afekte dirèkteman enterè nasyonal Etazini, sante ak sekirite sitwayen ameriken yo. Ewoyin ki soti nan Meksik ak kokayin ki soti Kolonbi lakoz lanmò plizyè milye sitwayen chak ane nan peyi Etazini."
Mache ilegal dwòg opyòm nan Afganistan ankouraje koripsyon, finanse gwoup Taliban an, e febli sekirite peyi sila a ke plizyè milye fanm ak gason militè ameriken ap ede otorite yo defann. Malgre efò ajan k ap fè respekte lalwa yo ansanm ak fòs sekirite yo, peyi sa yo rete dèyè nèt nan batay pou rive detwi rekòt ilegal ak diminye pwodiksyon ak trafik dwòg. Gouvènman sa yo dwe redouble efò pou yo leve defi òganizasyon kriminèl k ap pwodui ak trafike dwòg sa yo. Yo dwe fè plis pwogrè nan ane kap vini an pou bloke ak ranvèse pwodiksyon ak trafik dwòg ilegal.
Etazini ap kontinye bay bon jan sipò entènasyonal kont pwodiksyon ak trafik dwòg, e ranfòse efò pou anpeche moun pran dwòg e trete moun Ozetazini k ap konsome yo. Epidemi nasyonal dwòg la kreye yon ijans ki egzije rezilta enpòtan e ke nou ka mezire imedyatman, nan ane k ap vini an ak nan lavni."
Prezidan Trump bay Sekretè Deta ameriken an otorizasyon pou l soumèt desizyon sa a ki deziye peyi sa yo, ansanm avèk memorandòm ki jistifye l pou peyi Bolivi ak Venezyela, dapre seksyon 706 FRAA, bay Kongrè a e pibliye l nan Regis Federal la.