Etazini Vote Kont Rezolisyon l ONU pou Retire Anbago a sou Kiba

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Anbasadè Etazini nan Nasyon Zini, Nikki Haley.

Etazini vote “non” lè Asanble Jeneral l ONU an konsidere jounen mèkredi 1 novanm 2017 la yon rezolisyon ki mande yon fen nan anbago ekonomik kont Kiba a.

Nan yon vòt menm jan ak ane pase, Etazini pat vote pou premye fwa ni pou ni kont rezolisyon sa a, sete nan moman ansyen Prezidan Barack Obama tap chache tabli relasyon nòmal ak La Avàn.

Pami efò Mesye Obama tap deplwaye nan sans sa a, li te menm fè yon vwayaj istorik nan zile kominis la nan okazyon re-ouvèti anbasad Lèzetazini nan Kiba. Reprezantan Lèzetazini nan Nasyon Zini Nikki Haley di Asanble Jeneral la:

"Gen mou ki pap konprann koman nou fè adopte yon pozisyon opoze nan espas 12 mwa."

Li kontinye pou l di : toutotan pèp kiben an pa kapab jwi dwa ak libète li, Lèzetazini pa pral kite lajan boukantay komèsyal sèvi pou ranfòse rejim diktati Kuba a.