Gouvènman Federal Etazini an Riske Fèmen Ankò si Kongrè a Pa Jwenn yon Antant Tout-suit

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lidè majorite nan Sena ameriken an, Mitch McConnell, R-Ky, ak lidè minorite a Chuck Schumer, D-N.Y. kap mache ansam apre yo te fin antann yo sou yon bidjè depans fiskal $400 milya.

Palmantè ameriken yo gen yon mache-prese pou yo kite gouvènman an ouvè, pandan l ap pran pàn finansman aswè a a minui nan lè Washington, si Kongrè a pa pwolonje kapasite gouvènman federal la pou l depanse lajan pou yon 5èm fwa nan 6 mwa ki pase yo.

Sena a pral vote dabò sou yon antant ant 2 pati yo pou ajoute plizyè santèn milya dola pou Pentagòn nan ak pwogram andan peyi a, sa ki ka ajoute, dapre kèk estimasyon, preske yon trilyon dola sou defisi gouvènman federal la.