ULCC ak Inyon Ewopeyèn Prezante yon Gid Pratik e Teknik Kont Koripsyon ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Logo ULCC a, yon enstitisyon kap travay nan lit kont koripsyon ann Ayiti. Foto koutrazi: Socrate A. Jean Pierre.

Inite lit kont koripsyon nan tèt kole ak Inyon Eropeyèn prezante yon Gid Teknik ak Pratik ki soti nan lwa 12 mas 2014 la sou fason pou fè prevansyon ak represyon kont koripsyon. Direkte jeneral ULCC a, David Basile, di gid sa a pral fasilite travay lajistis.

Bò kote pa l, Anbasadè Inyon Ewopeyèn nan, Vincent Degert, di li konstate difikilte pou Inite Lit kont Koripsyon an ranpli misyon li genyen ann Ayiti kòm sa dwa.

Toutfwa, diplomat la di li salye inisisyativ pouvwa egzekitif la ki depoze yon pwojè lwa devan Palman aysiyen an nan objektif pou rive bay ajans anti koripsyon mwayen pou l fè travay an tout endepandans.